Konnen ak diminye danje vwayaj yo

Conoce
Más
México

Infórmate

Konnen ak diminye danje vwayaj yo

Nou konnen vwayaj ou ap fè a long, ou pa konnen egzakteman sa ou pral fè fas ak yo ,ou ka santi ou nève, se poutèt sa nou pwopoze kèk pwen ke ou ta ka pran an konsiderasyon pou vwayaj ou a:

Jwenn plis enfòmasyon sou

  • Li enpòtan pou ou kapab planifye wout ou pral swiv nan lòd pou genyen enfòmasyon sou kote a, tan yo, kay pou abite , sèvis yo ak kote ki pi an sekirite kote ou ka vwayaje. Nan aplikasyon nou an, Contigo Sin Fronteras, ou ka jwenn enstitisyon, sèvis ak kay pou abite atravè Meksik ki ka sipòte ou pandan wout la.
  • Vwayaj nan gwoup ka pi an sekirite, espesyalman pou fanm yo. Kole zepòl.
  • Pote yon ti trouss pou ijans avèk kék materyèl pou geri ak sèl reyidratasyon.
  • Mete rad konfòtab ak soulye solid,mayo konfòtab jakét ki fèmen nan bout. Pran an konsiderasyon chanjman klima ou ka fè fas; nan Meksik tan yo varye anpil selon rejyon yo.
  • Fe atansyon ak moun ou pataje enfòmasyon pésonel sou fanmi ou tankou nimerò telefòn oswa si yon moun ap tann ou nan Meksik oswa nan peyi Etazini.

Kenbe kontak ak fanmi oswa zanmi ou yo

    • Memorize nimewo kèk fanmi oswa zanmi, menm jan tou ak kòd pou rele yo nan peyi kote yo ye a. Kwa Wouj la ak kèk kay pou abite yo ka pèmèt ou rele yo.
    • Si ou itilize telefòn selilè yon moun ou pa konnen, efase dosye apèl la. Si ou rele yo nan yon telefòn piblik, fè yon lòt nimewo lè ou rakroche pou dosye nimewo manm fanmi ou a pa rete.
    • Bay fanmi oswa zanmi w yo dokiman ak fotografi resan ou yo ak yon kopi dokiman ofisyèl ou yo.
    • Si yon moun ou ap vwayaje avèk li oubyen deteni, oubyen sibi yon aksidan, disparèt oswa mouri, ekri non li epi enfòme Kwa Wouj sa.
    • Kwa Wouj ak/o fanmi yo si posib. Pa kite yo viv ak angwas pou pa konnen sa k ap pase de

     

Anpil atansyon ak sante ou

  • Nan Meksik ou gen dwa resevwa atansyon medikal gratis nan klinik sante piblik nan ka ijans, menm si ou pa gen dokiman imigrasyon.
  • Si ou gen yon maladi kwonik, pote medikaman ou yo avèk ou e aprann non yo. Nan ka ou detni, fè otorite yo konnen eta kondisyon ou ak medikaman sa yo.
  • Si ou gen fyèv, fèbles, doulè zo, oswa asmatik, chache swen medikal.
  • Lè w ap repoze, retire soulye ak chosèt ou yo. Pa mete yo si yo mouye, paske yo ka kòz anpoul.
  • Kouvri kò ou ak plastik pou konsève chalè kò a nan ka frèt oswa lapli.
  • Si ou nan yon klima ki cho anpil, evite retire rad ou yo, paske ou ka boule ak/o dezidrate.
  • Si ou ansent, pa bliye swiv doktè ou, ou ka ale nan klinik piblik pou fè sa.
  • Si ou pran konprime plani n, pote yo avèk ou. Ou ka jwenn yo nan klinik sante piblik oswa Kwa Wouj la tou.
  • Bwe dlo potab kontinyèlman. Evite bwe dlo nan tiy

Otokar

  • Si ou pa gen yon dokiman idantite valab, tankou yon paspò oswa fòm imigrasyon, yo ka refize ou monte sou otokar la.
  • Genyen pwen kontwòl INM sou wout prensipal yo kap mennen nan zón fwontalye yo.
  • Ensekirite sou wout yo ak baraj wout pa kriminèl òganize.
  • Aprann sou wout transpò nan Meksik: Transpò nan Tabasco, Transpò nan Monterrey, Transpò nan Meksik Vil ak Transpò nan Tijuana.

Tren

  • Tren yo rele « The Beast » pa gen yon orè fiks. Konsa, li ka pran plizyè jou pou tann li.
  • Anpil nan aksidan yo rive nan pwosesis la nan monte ak desann nan tren k ap bouje. Etan ke imigran yo monte ant 10 ak 15 tren pandan vwayaj yo nan vil fwontalye.
  • Gen yon prezans fò kriminèl òganize sou wout tren yo, ki monte tren yo pou yo vòlò, ekstòsyone ak kidnape imigran yo.
  • Pandan vwayaj tren nan ak nan vil yo kote li kanpe, gen yon prezans fò nan ofisyèl imigrasyon yo pou yo detni imigran ki antre iregilyèman.
  • Evite monte oswa desann nan tren nan si li mouye oswa ap bouje. Si ou desann nan tren nan lè li ap bouje, kontinye kouri pou lòt moun pa tonbe sou ou.
  • Evite mare rad nan ren ou, paske yo ka kenbe ak kòz yon aksidan.
  • Pa konsome sibstans oswa medikaman ki ka fè ou dòmi.
  • Pa monte sou tren an si ou fatige, ou pa manje oswa ou pa dòmi, ou ka tonbe. Òganize ak moun yo k ap vwayaje yo, pou yo veye sou  youn lot konsa ke tout moun ka repoze.
  • Li pi bon pou vwayaje chita, paske gen branch, tonèl oswa kab yo ke ou ka frape. Chita kote ou gen pwen sipò.
  • Pa aksepte transpò nan men moun etranje yo.
  • Si lapli tonbe, kouvri tèt ou ak plastik. Nan tan frèt, van nan tren an glase, pwoteje tèt ou ak gan ak yon ti moso twal.
  • Pa kache nan espas sere kote ou ka toufe,ouka afekte oswa vin malad. Asire w ou gen ase espas pou respire.

Mache nan jung la, fòrè oswa dezè

    • Meksik se yon peyi nan yon gwo dimansyon ak yon gwo varyete nan klima, konsa, moun ki eseye travèse li a pye mete lavi yo nan danje, paske yo pa gen mwayen nesesè yo reyalize li. Konnen klima yo:

     Klima

    • Mache long distans yo san mwayen adéquat ka kòz dezidratasyon, maladi po a, koudisòlèy, pami anpil lòt pwoblèm. Aprann kèk fason pou pran swen tèt ou: Swen Tèt ou Pou Migran yo
    • Imigran yo ka viktim kriminèl òganize tou paske yo pa konnen wout yo ak kote yo.
    • Ou ka kenbe tèt ou idrate ak dlo, sèl ak sitwon. Frote lay sou kò ou kòm yon repelan.
    • Si ou pèdi oswa ou pa kapab mache ankò, fè yon dife pou la fimen  atire atansyon travayè sekou yo. Fè li nan yon vid ak wòch alantou li pou evite yon dife.
    • Pote yon flach ak alimèt oswa brike.
    • Aprann teknik orientasyon dapre pozisyon solèy la.
    • Si yon bèt pike oswa mòde ou, chache swen medikal. Evite deplase pati ki blese yo epi lave plè ya ak dlo pwòp. Pa souse oswa koupe zòn ki afekte a, li kòz plis domaj ak ogmante risk enfeksyon. Tcheke ak chofe rad, soulye ak nat avan ou sèvi ak yo. Pa mete men ou anba wòch, tcheke kote a anvan ou dòmi oswa chita sou tè a.
    • Lè ou kòmanse mache nan dezè a, koupe telefòn selilè ou pou konsève bateri ya.
    • Pote yon rad derechanj nan yon sak plastik, evite mete rad mouye.
    • Lè otorite yo deteni , timoun ki ap vwayaje ak granmoun ki pa gen paran yo ka separe soti nan paran yo. Konsa, fè yo memorize non manm fanmi yo epi sonje yon plan pou yo swiv nan ka separasyon.
    • Mete dokiman ou yo nan yon sak plastik pou evite yo mouye oswa pèdi.

Enfòmasyon enpòtan

  • Pase atravè Meksik san dokiman imigrasyon pa yon krim.
  • Si ou gen yon aksidan oswa ou tombe malad nan Meksik, chache Grupo Beta (cheniz orenj). Yo kapab bay ou manje, dlo ak konsèy epi yo enfòme ou sou sant sante oswa lopital yo.

Pwen konsénan travése

Konsidere ke travèse fwontyè a nan yon fason iregilye nan lòt kote ki pa otorize ka pote risk pou lavi ou ak entegrite ou. Fason ki pi sekirize pou travése fwontyè sid Meksik se atravè yon pwen ki rele atravè fwontyè otorize.

Gwatemala:

  • Hidalgo, Meksik – Tecún Umán, Gwatemala, Dr. Rodolfo Robles Bridge
  • Hidalgo, Meksik – Tecún Umán, Gwatemala, Ing. Luis Cabrera Bridge
  • Talisman, Meksik – El Carmen, Gwatemala, Talisman Bridge
  • Cuauhtémoc, Meksik – La Mesilla, Gwatemala • Carmen Xhan, Meksik – Gracias A Dios, Gwatemala
  • Nueva Orizaba, Meksik – Ingenieros, Gwatemala
  • Corozal Border, Meksik – Bethel, Gwatemala
  • El Ceibo Aprann plis: https://www.gob.mx/sre/acciones-y-programas/cruces- fronterizos-entre-mexico-y-guatemala ak https://www.inm.gob.mx/gobmx/word/index.php/chiapas/

Beliz: